Forum
Support de
WACC
[Taking
side]
|
|
Rasin
o, rasin
Gen
yon ti pyebwa nan lide m ki anvi grandi, men ki poko pouse, bò kote yon
pil rasin ansyen palmis ki byen chita sou lonbrik pouri jeneral Tousen, anba plenn lapenn byen laj tè ansyen restavèk yo…
Yon ti pyebwa k poko pouse,
men ki deja gen konprann, yon ti pyebwa k pa gen pòtvwa, men k renmen
kale zòrèy li ba silans.
Nan koute koute, yon bon jou,
li tande yon vwa k ap plenyen :
« Rasin o, rasin o, leve non.
Pou tann dat n ap jèmen, li
lè atò pou n ta kanpe.
Leve non, leve non
kanpe non, kanpe non
epi pouse pouse n byen drèt….
Pa kite, pa kite pyès pousyè
otowout
pa kite, pa kite pousyè pyès
bèl wout
tounen bèl plak pe dyòl sou
memwa nou
pa kite, pa kite laplas twò
bèl twòp
pou palto mizisyen rara tout
plimay
nan kanaval toutis mal maske
yo
anba tonnèl, nan gwo lekòl oubyen
nan gran lakou
pa vin tiye lanp sou je klere
pèsonn ankò.
Epi pa bliye, pa bliye
se te nan koze ipokrit karesan
yo te blayi kò nou atè nan fredite
lè yo te fin fè li kwè nan miwa
malè kache
se li ki te pi bèl pyebwa nwa
ki te genyen…
Sispann mare sotiz nou
ak pa kavalye pòlka peyi lalin ak zetwal yo
sispann lagè ak pwòp tèt nou
an
ositou retire tout ponya nou
deja foure
tout epe nou deja antre nan
do pwòp fòs nou
epi monte monte n byen wo
pou kabrit move zè pa jwenn
fèy nou ankò
nan kase kouvri tout vye lòbèy
yo gen kont nou
paske se sitirè ki ba vòlè lafòs
pou l kontinye
ou kwè n tande…
Monte, men kite Desalin nou
monte nou pafwa
benyen, men benyen ak lonbrik
nou byen kachte
pou ankenn vye dlo pa vin fè
larivyè welele
desann nan konsyans nou jodi
a
jouktan pou n ta gen pou n tann
anpil lòt tan ankò anvan n fin
netwaye
labou sou tout branch nou
tout kote, nan tout sans
pou libète finalman sa rive
fè djandjan
toutbon vre nan fondas nou tout
bò lakay… »
Nounous.
Retour à la
liste des
documents
|
|
|